lundi 7 mars 2016

Manm

Li se Kinanm, Se yon gran fanm, Fanm ki djanm Fanm ki gen nanm Fanm ki soti anwo Fanm ki pote gason sou do Fanm pikè, Fanm kako Fanm ki pa pè toro Depi lè li te gazèl Lap fè nèg pouse zèl Fanm lan bèl E li pa bay gabèl Li se manm Li se sanm Li se kèanm Li se toutanm Li toujou leve bonè Pou monte chodyè Li pa konn fè nwè Li pa konn fè klè Li se lapli, li se solèy Li se jodi, li se lavèy Lè maladi li konn tout fèy An verite li se yon mèvèy Mwen rele li Mom, Chou Lòt rele li Man Dou Li konte anpil pou nou Manm merite yon bizou!😘 Dr Jhon Evenst Douyon