jeudi 22 mars 2018

Fè yo sonje

Nou te fèl
Paske nou te kwèl
Nou te goumen
Paske se sa nou konnen

Goumen pou demen miyò
Pou pitit nou sispan ale deyò
Goumen pou sa ki pa ka pran avyon
Pou yo ka jwenn pi bon kondisyon

Nou te pare pou nou rete kanpe
Sakrifye sa nou tap etidye
Nou te pare pou kenbe diyite nou
Pou diyite nou pa ale kite nou

Nou te mache nan lari
Nou te sonnen tout yon peyi
Nou te mande yon meyè repatisyon
Nan sante, yon pi bon jesyon

Anpil nan nou pat vle pran chans
Anpil lòt te tou pran vakans
Men anpil  sòlda te rete kanpe
Pou ede wè si sa te ka chanje

2 lanne gentan pase
Men nou sonje kamarad ki te blese
Sa pye yo te pèdi tè
Anba kout pye chimè

Sila yo ki te pèdi machin, laptòp
Gen lòt yo rale ak tout estetoskòp
Gen nan nou gwo zam fè tranble
Pran lisans nou,Prezidan an te menase

Nou pap bliye tou
Sa yo ki te kanpe anfas nou
Sa yo ki tap tire wòch sou nou
Pou yo se te politik, podyab nou!!

Nap pwofite di mèsi
Ak tout zanmi ,tout fanmi
Ki t’ap mande sante ansanm ak nou
Mèsi pou kouraj ak lanmou ou

Kontinye kanpe
Pou bon jan inivèsite
Kontinye kanpe
Pou lopital ak swen sante

Kontinye poze aksyon
Kont vòl ak kòripsyon
Kontinye rete men nan men
Ak sila yo ki, nan figi yo, gen nen!!!

Dr Jhon Evenst Douyon
Mouvman leve kanpe lopital piblik yo