mardi 25 novembre 2014

Li bel


Li bel se vre
De jel kale
Cheve l lage
Tet dyol li roze
Tete l kore
Jip li plise
Gaz kole
Li derape
Men, ki kote
Li pral poze ?
O ! nan yon kafe
Byen meble
Li pral konte
Konbyen ke
Li ranmase
Nan yon sware
Men, eske
Lap panse
Ke Sida ap veye
Si li pa pwoteje
Sida ap antre
Vinn kraze
Vinn brize
Vinn kontamine
yon sosyete
Ki tou dezespere
Ay, Sida fe kriye
Li fe rele
Anmwe
Pa gen chape
Men, toujou sonje
Kapot se
Fason ke
Ou ka pwoteje
Tet ou kont EST
Sida elatriye
San kapot mesye
Nou pap fonksyone
Fanm yo san reyalite
Nou pap negosye
Ale
Ale enfome
Paske sa se vre.

Dr DOUYON Jhon Evenst

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire