Rezolisyon
Nou menm medsen ki soti nan fakilte medsin prive ak fakilte medsin aletranje yo, nou ap pataje pozisyon nou sou dosye fòmasyon medsen twazyem sik yo, sa nou rele rezidans nan lopital yo:
1- nou salye bon jan desizyon sa MSPP pran pou regilarize fomasyon medsen yo nan Nivo espesyalite pou ane sa ak lòt ane kap vini yo.
2- nou mande pou UEH pa depase limit li, li pa chef oken lòt iniversite,
3- nou mande pou prese prese gouvenman mete sou pye ministè anseyman siperyè a pou jere tout inivèsite ki gen nan peyi a epi defini kad koperasyon ak lòt inivèsite ki ap pwodwi pwofesyonel.
4- nou mande pou tout postilan yo, mete yo chita prese prese pou louvri bonjan diskisyon pou eklèsi pozisyon yo e voye yon pwotokol dakò Bay MSPP, paske solisyon kriz pa nan lari, se nan laboratwa ak nan bonjan deba.
5- nou mande pou tout demokrat sispann fè demagoji, vyolans pap mennen nou oken kote, pa gen moun ki plis ke yon lòt moun. Nou tout dwe gen menm dwa anba drapo sa a.
Demokrasi rete pouvwa majorite a nan Respè minorite a!
Dr Jhon Evenst Douyon
Medsen ELAM/Cuba
Postilan pou twazyem sik 2014-2015
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire