mercredi 27 avril 2016
@mhadic, communiqué de presse
Port-au-Prince, le 26 avril 2016
L'@mhadic, L'@micale des haïtiens diplômés à Cuba.
Communiqué de presse
Zanmi ki soti Kiba yo
Pap kite fèy ak dlo
Nan bouch yo
Pou yo pa montre endiyasyon yo
Soufrans ak preokipasyon yo
Fas ak gaspiyay kap fèt yo
Lajan pwason kap bay yo
Mannèv divèsyon kap kreye yo
Pou bare zye ak bouch sila yo
Ki pa kapab yo,
Sa ki lage pou kont yo
Sa ki inonde anba dlo yo
Zanmi ki soti kiba yo
Pap manke denonse bouro yo
Ki chita nan ministè yo
Tankou MSPP ak lòt yo
Ki refize tande vwa rezidan yo
Medsen, enfimyè ak tout pèsonèl yo
Kap mande meyè kondisyon pou frè ak sè yo
Sak nan lopital piblik yo
Pi bon swen pou malad yo
Yon ti manje pou sak abandone yo
Yon lòt fason pou jere fatra nan lopital yo
Yon ti lòd nan depanse lajan yo.
Zanmi ki soti kiba yo
Frape pye yo
Yo sipòte grèv lopital piblik yo
E yap mande dirijan yo
Fok gen chanjman nan jesyon yo
Fok MSPP ak patnè li yo
Pran tout mezi nesesè yo
Pou kalite swen kap bay yo
Respekte diyite ayisyen yo
Ayisyen yo pa chen, nou pa dwe meprize yo
Se yon sèl pou nou fè ak yo.
Dr Jhon Evenst Douyon
Coordonnateur a.i. @mhadic
Inscription à :
Publier les commentaires (Atom)
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire