mercredi 11 mai 2016
kalòt la
Bay yon kalòt
Se menm ak desann kilòt
Li fasil pou w fè
Men nou bliye sil gen revè
Bay kalòt
Se degrade zòt
Imilye li, diminye li
Se retire moun ki nan li
Bay kalòt
Pi rèd ke kase kòt
Li blese w jis andedan w
Li make w jis nan nannan w
Bay kalòt
Se yon gwo fòt
Li mete HUEH an demon
Fè MSPP pran nan pongongon
Bay kalòt
Touye anpil lòt
Li bloke lopital piblik yo
Li leve rido sou kritik yo
Bay kalòt
Denonse matlòt
Ki nan, gwo enstitisyon,
pwostitisyon ak kòripsyon
Bay kalòt
Ka fè bòt,
Li souke chèz nan ministè
Li jete piti ak gwo direktè
Bay kalòt,
Se zak tèt wòwòt
Nèg ki wè pwent nen yo
Men ki pa wè fen yo.
Pa bay kalòt,
Pa vin kraze vòt
Vote pou renmen
Lapè ak evite zen
Copyright
Dr Jhon Evenst Douyon
11 mai 2016
Inscription à :
Publier les commentaires (Atom)
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire