lundi 7 mars 2016
Manm
Li se Kinanm,
Se yon gran fanm,
Fanm ki djanm
Fanm ki gen nanm
Fanm ki soti anwo
Fanm ki pote gason sou do
Fanm pikè, Fanm kako
Fanm ki pa pè toro
Depi lè li te gazèl
Lap fè nèg pouse zèl
Fanm lan bèl
E li pa bay gabèl
Li se manm
Li se sanm
Li se kèanm
Li se toutanm
Li toujou leve bonè
Pou monte chodyè
Li pa konn fè nwè
Li pa konn fè klè
Li se lapli, li se solèy
Li se jodi, li se lavèy
Lè maladi li konn tout fèy
An verite li se yon mèvèy
Mwen rele li Mom, Chou
Lòt rele li Man Dou
Li konte anpil pou nou
Manm merite yon bizou!😘
Dr Jhon Evenst Douyon
Inscription à :
Articles (Atom)