lundi 17 avril 2023

Kèk bagay ki fè gason pè maryaj

Se pa kounyea kesyon sa yo ap poze, fanmiy gason yo te toujou fè santi pozisyon yo sou koze pou pitit yo oswa ti fanmiy yo pa kouri al rantre tèt yo nan yon koze ki pa janm fin twò klè yo rele maryaj. Pou kèk save, maryaj konsidere tankou yon inyon ant 2 moun, lontan li te ant yon fi yon gason, men kounyea li oblije konsa! Donk ant 2 oswa plizyè moun ki vle. Non m retire plizyè a paske yo pa rekonèt krèy nan bagay maryaj, li ilegal, se sèlman 2 antite ki ka moun oswa bèt. Brèf moun se bèt ki rezone. 

Pou nou retounen nap fini pa konprann ke maryaj se tankou yon pwojè 2 antite deside konstwi ansanm. Ou di mwens se sa li ta dwe ye. Poutan anpil defini plan yo, estrateji ak objektif byen bonè anvan menm yap mande maryaj (se yo ki konn sa yo vle) gen kèk Egzanp m pap marye ak moun nwa, m pap marye ak pòv, m vle yon sipèsta pou mari m, rezidans mwen map jere,… pou site sa yo sèlman.


San nou pa al nan twòp detay, kisa ki ka lakoz yon gason pè marye?

1- laperèz pou yo akize yo mal: yon ti moman ou tande fi a di yo bat li, yo asele li, epi li mande divòs. San nou pa dedwane move pratik sa yo, lapèrèz sa konstwi yon baryè pou relasyon entim ak relasyon ki ta dwe dire lontan. 

2- Amelyore pwòp tèt yo, fanmiy yo avan maryaj: sosyete a tèlman fè gason egzijans, yo panse li pi enpòtan pou yo fokis sou pwòp tèt yo, asire pwòp devlopman yo, konnen sa yo vo anvan yo lage yo nan maryaj kote yo ka pa gen chans sa ankò, sitou edike timoun ak sipòte madanm pa fasil. Donk fokis la se karyè, richès ak lòt aptitid pou yo pa rantre tèt bese nan maryaj.

3- Sosyete a evolye, modènite ak medam feminis yo: gen medam feminis ki twò eklere pou yon seri gason, malgré tout gason ta renmen gen yon fanm eklere pou madanm. Yon gason ki leve nan yon fanmiy tradisyonèl pral twouve li pèdi nan yon maryaj kote wòl yo evolye, kote yon fanm dominan ka parèt malelve, sitou si fi a pa danse kole ak kèk wòl tankou fè manje, lave ak repase epi tou nèg sa pa deside aprann apre plis ke 25 lanne!

Menm sosyete sa tou kap di tòg pa kriye pou fi, pa simante pye kabann lan paske mèb nan kay la se pou fi !

Bref modènite ka bare w nan wout si w pa leve bonè.

4- Pèdi libète yo: rantre nan yon maryaj konn vle di pèdi libète w ak endepans ou. Li klè ou pa ka fè sa w vle ankò. Se 2 moun ki dwe mete yo dakò pou avanse oswa konstwi pwojè a. Donk leve pase jounen nan baz zanmi pral jwenn yon gwo obstak. Ou oblije di kote w prale epi yap rele w mande w kilè pou w tounen. Lajan w vin sou kontwòl, menm si w ta vle bay manman w lajan fok ou mande pèmisyon. A la koze! Donk tonbe anba yon fi kap dikte w sa pou w fè ak lajan w ak tan w pa fasil ditou.

5- Enfliyans echèk maryaj lòt zanmi:  vire tounen ou tande divòs, ou tande entèl tonbe nan depresyon, tonbe nan alkòl paske lap soufri nan maryaj li. Sa klè ou pap foure tèt ou nan maryaj konsa konsa!


Sonje: gen anpil lwa ki konstwi preske kont gason, sa ki konn bay lenpresyon ou kondane anvan menm ou jije. Chwa maryaj ou se pa w, asime li. Pran kontwòl desten w, pa kite sosyete a fè w mache toutouni


Dr Jhon Evenst Douyon 


Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire