Sèl Sa m' konnen se renmen w
Renmen w ak zye ki nan kè m'
Renmen w ak tout pouvwa fè Bagay mwen
Renmen w tankou yon ti zanj nan syèl
Ak manchèt mwen tou pare pou m goumen
Goumen kont enjistis ak lopresyon
M renmen w ak lodè kap soti nan pawòl ou
M renmen w ak mizik
Mizik wap jwe sou kò m'
Tankou yon ti vièj
Yon ti vièj ki pote yon bouke flè
Yon flè ki pote souri ak limyè
Nan tristès ak nan fè nwè
M pa konn ki lòt jan pou m' renmen w
M fou, lèm wè ti bouch ou ak lòt yo
M renmen lè wap travay
Wi, m renmen lè nap travay ansanm
M renmen sam santi
Lè w kite zye w nan zye m
M pwomèt ou
Map kontinye renmen w
Nan mitan gwo batay
Se la m ka renmen w plis
Ann sove lanmou nou
Paske rayisman pa ka touche nou
Anyen pa ka rete nou
Nou toujou debou, ti bouch ou ak lòt yo
Yon lanmou ki pa pè chay
Yon jenés ki plen odas,
Yon vyeyès ki pa vle poze
Kap pouse nou
Ki vle mete nou kouche
Kouche nan mitan konba sa san rete
Yon konba ki plonje nou anba yon tant
Yon tant nan mitan yon legliz
Yon lanmou ki fè nou panse
Yon lanmou ki fè nou poze tèt nou kesyon
Yon lanmou kap tiye nou
Yon lanmou ki tache nan nanm nou
Tâche ak lansan ki mare nou yon ak lòt
M renmen w san pran souf
M renmen w jan w ye a
M renmen lè map rêve w
Reve pran plezi
Plezi nan bra w kap pran dife
M renmen w tankou yon ti bebe
E ou konn sa
Yon bébé ki bezwen pwoteksyon
Pwoteksyon kont abandon ak abi
M renmen tè sa kap vire an
Kap vire nan menm direksyon
Fanmiy, tete w ak lòt yo
M renmen w san jalouzi
M renmen w ak tout fòs mwen
M renmen w tankou yon malad
Yon malad kap tann tretman
M renmen w ak tout ipokrizi
M renmen w ak tout manti
E se konsa lanmou pran nou
Li mete nou sou menm chimen
Yon desten ki pa merite chanje
Yon wout kap mennen nou lwen
Lwen jiskaske nou pote laviktwa
Tankou yon swaf revolisyon
Tankou yon défi nan yon komedi
Ou menm avèm
Nan yon lanmou ki san parèy
Yon lanmou ki se tout vi nou
Yon lanmou ki se tout ti bo nou
Yon lanmou kise tout lòt yo
Lanmou sa a se tout sa nou posede.
Interprétation et adaptation: Jhon Evenst Douyon
Texte original anglais: Adelia Maria Batista
Renmen w ak zye ki nan kè m'
Renmen w ak tout pouvwa fè Bagay mwen
Renmen w tankou yon ti zanj nan syèl
Ak manchèt mwen tou pare pou m goumen
Goumen kont enjistis ak lopresyon
M renmen w ak lodè kap soti nan pawòl ou
M renmen w ak mizik
Mizik wap jwe sou kò m'
Tankou yon ti vièj
Yon ti vièj ki pote yon bouke flè
Yon flè ki pote souri ak limyè
Nan tristès ak nan fè nwè
M pa konn ki lòt jan pou m' renmen w
M fou, lèm wè ti bouch ou ak lòt yo
M renmen lè wap travay
Wi, m renmen lè nap travay ansanm
M renmen sam santi
Lè w kite zye w nan zye m
M pwomèt ou
Map kontinye renmen w
Nan mitan gwo batay
Se la m ka renmen w plis
Ann sove lanmou nou
Paske rayisman pa ka touche nou
Anyen pa ka rete nou
Nou toujou debou, ti bouch ou ak lòt yo
Yon lanmou ki pa pè chay
Yon jenés ki plen odas,
Yon vyeyès ki pa vle poze
Kap pouse nou
Ki vle mete nou kouche
Kouche nan mitan konba sa san rete
Yon konba ki plonje nou anba yon tant
Yon tant nan mitan yon legliz
Yon lanmou ki fè nou panse
Yon lanmou ki fè nou poze tèt nou kesyon
Yon lanmou kap tiye nou
Yon lanmou ki tache nan nanm nou
Tâche ak lansan ki mare nou yon ak lòt
M renmen w san pran souf
M renmen w jan w ye a
M renmen lè map rêve w
Reve pran plezi
Plezi nan bra w kap pran dife
M renmen w tankou yon ti bebe
E ou konn sa
Yon bébé ki bezwen pwoteksyon
Pwoteksyon kont abandon ak abi
M renmen tè sa kap vire an
Kap vire nan menm direksyon
Fanmiy, tete w ak lòt yo
M renmen w san jalouzi
M renmen w ak tout fòs mwen
M renmen w tankou yon malad
Yon malad kap tann tretman
M renmen w ak tout ipokrizi
M renmen w ak tout manti
E se konsa lanmou pran nou
Li mete nou sou menm chimen
Yon desten ki pa merite chanje
Yon wout kap mennen nou lwen
Lwen jiskaske nou pote laviktwa
Tankou yon swaf revolisyon
Tankou yon défi nan yon komedi
Ou menm avèm
Nan yon lanmou ki san parèy
Yon lanmou ki se tout vi nou
Yon lanmou ki se tout ti bo nou
Yon lanmou kise tout lòt yo
Lanmou sa a se tout sa nou posede.
Interprétation et adaptation: Jhon Evenst Douyon
Texte original anglais: Adelia Maria Batista
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire