mercredi 27 avril 2016

@mhadic, communiqué de presse

Port-au-Prince, le 26 avril 2016 L'@mhadic, L'@micale des haïtiens diplômés à Cuba. Communiqué de presse Zanmi ki soti Kiba yo Pap kite fèy ak dlo Nan bouch yo Pou yo pa montre endiyasyon yo Soufrans ak preokipasyon yo Fas ak gaspiyay kap fèt yo Lajan pwason kap bay yo Mannèv divèsyon kap kreye yo Pou bare zye ak bouch sila yo Ki pa kapab yo, Sa ki lage pou kont yo Sa ki inonde anba dlo yo Zanmi ki soti kiba yo Pap manke denonse bouro yo Ki chita nan ministè yo Tankou MSPP ak lòt yo Ki refize tande vwa rezidan yo Medsen, enfimyè ak tout pèsonèl yo Kap mande meyè kondisyon pou frè ak sè yo Sak nan lopital piblik yo Pi bon swen pou malad yo Yon ti manje pou sak abandone yo Yon lòt fason pou jere fatra nan lopital yo Yon ti lòd nan depanse lajan yo. Zanmi ki soti kiba yo Frape pye yo Yo sipòte grèv lopital piblik yo E yap mande dirijan yo Fok gen chanjman nan jesyon yo Fok MSPP ak patnè li yo Pran tout mezi nesesè yo Pou kalite swen kap bay yo Respekte diyite ayisyen yo Ayisyen yo pa chen, nou pa dwe meprize yo Se yon sèl pou nou fè ak yo. Dr Jhon Evenst Douyon Coordonnateur a.i. @mhadic

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire